Kisa a m’ ka fè si ICE frape pòt mwen an?
Por: Ayuda Legal Puerto Rico
Contenido
- Kisa a m’ ka fè si ICE frape pòt mwen an?
- Si li siyen pa ajan de imigrasyon yo e pa pou yon jij, manda pa gen valè.
- Ki dwa m’ genyen si ICE rive nan kay mwen?
- Kisa m’ ka fe si yo antre nan kay mwen an toujou?
- Ki sa m’ ka fe si mwen na yon ayewopò, pò oswa yon lòt espas federal?
- Kijan yo pwononse fraz sa yo an panyol?
- Sou resous la
Si yo frape pòt ou a, san pa ouvre, mande “kimoun li ye?” (“¿quién es” nan panyol). Si yo ajan de imigrasyon, mande yo si yo gen yon manda rechèch siyen pa yon jij federal. (“¿tienen una orden de allanamiento firmada por un juez federal?” nan panyol). Si yo gen yon manda rechèch, di yo pase’l anba pòt la. (“meta la orden por debajo de la puerta” nan panyol)
Si li siyen pa ajan de imigrasyon yo e pa pou yon jij, manda pa gen valè.
Chonje ki yon manda de yon jij fòk genyen:
- Tribunal ki emèt manda a,
- A ki moun manda a dirije a, non moun sa a yo
- Direksyon kote yo gen otorizasyon pou antre
- Siyati de yon jij federal. Yon Manda depòtasyon pa menm bagay ki yon manda de rechèch, manda rechèch permet ajan antre nan kay ou. Si yo pa gen manda sa a , yo pa ka antre nan kay ou, ni arete’w
Pa motre yo kat de identite avèk pòt la demi ouvre.
Ki dwa m’ genyen si ICE rive nan kay mwen?
- Rete an silans tout tan, menmsi ajan yo gen yon manda rechèch.
- Refize permet yo antre si yo pa gen yon manda rechèch.
Kisa m’ ka fe si yo antre nan kay mwen an toujou?
- Si yo antre nan kay ou toujou, pa reziste.
- Rete an silans. Ou pa bezwen reponn kesyon de sitiyasyon imigrasyon ou, kikote ou te fèt o kijan ou te rive nan peyi sa a. Menmsi yo mande ou direkman, ou PA BEZWEN reponn.
- Si ou gen dokiman de imigrasyon, ou bezwen montre yo a yon ajan federal de imigrasyon, pa montre yo a polis lokal la.
- Si ou pa gen dokiman, epi yon ajan mande ou dokiman yo, selman ou bezwen di ki ou pral rete an silans (“voy a guardar silencio” an panyol).
- Si sa posib, ou menm o byen yon manm nan fanmi ou ki prezan ta dwe fè video de tout sa a ki ap pase e fè foto yo. Lè ou kapab, chache asistans legal e asistans de otorite peyi ou. Identifike yon manm nan fanmi’w obyen yon zanmi de konfyans ki ou ka rele nan ka yon ijans avèk otorite yo.
- Pa siyen okenn dokiman san pa pale avèk reprezantan legal ou anvan.
Ki sa m’ ka fe si mwen na yon ayewopò, pò oswa yon lòt espas federal?
- Pò ak ayewopò se pò de antre an Etazini, sa enkli Portoriko le nou ap pale de lwa migrasyon yo. Se pou sa, ou pa dwe vin tou pre kote sa yo si ou gen yon estati imigrasyon iregilye.
- Si ou nan yon pò, ayewopò oswa yon lòt espas federal, enfòme ajan yo ou ap fè video e foto pou ou ka gen dosye de sa yo ap fe avèk ou (“Estoy tomando fotos y grabando para tener récord de lo que están haciendo conmigo” nan panyol.)
Kijan yo pwononse fraz sa yo an panyol?
Kijan yo pwononse fraz sa yo an panyol?
| Kreyol | Panyol | Pwononsyasyon |
|---|---|---|
| Ki moun li ye? | ¿Quién es? | Kien es? |
| Eske nou gen yon manda rechèch siyen pa yon jij federal? | ¿Tienen una orden de allanamiento firmada por un juez federal? | Tienèn ouna ordèn de ajanamiènto firmada por oun houes federal? |
| Pase manda anba pòt la. | Meta la orden por debajo de la puerta. | Meta la ordèn por debaho de la pouerta. |
| M’ap rete an silans. | Voy a guardar silencio. | Voy a gouardar silensio. |
| M’ap fè video e foto pou mwen ka gen dosye de sa nou ap fe avè’m. | Estoy tomando fotos y grabando para tener récord de lo que están haciendo conmigo. | Estoy tomàndo fotos y grabàndo para tener rekord de lo ke estàn asièndo konmigo. |
Sou resous la
- Kontni sa a posib pa avoka Mariela García Amador. Nou remesye li pou kolaborasyon li pou plis moun ka konnen dwa yo.
- Kontni sa a fè referans tou ak rekòmandasyon ACLU ap bay nan kalite sitiyasyon sa a: https://www.aclu.org/know-your-rights/immigrants-rights#police-or-ice-are-at-my-home
Última revisión y actualización: Feb 26, 2025






.png)