Kisa a m’ ka fè si lapolis oswa ajan ICE rive an travay mwen?

Por: Ayuda Legal Puerto Rico
  • Rete an silans. Ou pa bezwen reponn kesyon de sitiyasyon imigrasyon ou, kikote ou te fèt o kijan ou te rive nan peyi sa a. Menmsi yo mande ou direkman, ou PA BEZWEN reponn.
  • Si ou gen dokiman de imigrasyon, ou bezwen montre yo a yon ajan federal de imigrasyon, pa montre yo a lapolis lokal la.
  • Si ou pa gen dokiman, epi yon ajan mande ou dokiman yo, selman ou bezwen di ki ou pral rete an silans (“voy a guardar silencio” an panyol).

Ki sa m’ ka fè si yo arete’m?

Si yo arete ou:

  • Mande pale ak yon avoka (“quiero hablar con un abogado” nan panyol)
  • Pa reziste
  • Rete an silans jiskaske ou ka pale ak yon reprezantan legal.
  • Si se posib, fè video de interaksyon ak ajan yo.
  • Pa siyen okenn dokiman san pa pale ak yon avoka anvan.
  • Lè ou kapab, chèche asistans de konsila peyi ou.  Identifike yon manm nan fanmi’w obyen yon zanmi de konfyans ki ou ka rele nan ka yon ijans avèk otorite yo.

Ki sa m’ ka fè si m’ we yo ap vyole dwa mwen pandan yon entèvansyon ICE?

Ou ka wè plis enfòmasyon sou òganizasyon yo ki ede imigran yo nan fen kontni sa a, ke ou ka kontakte nan ka ou kwe yo te vyole dwa ou pandan yon entèvansyon.

Ki dokiman m’ dwe pote ave’m, si mwen rakontre ak imigrasyon?

Kòm ka a ka:

  • Kat rezidan pèmanan
  • Kat pèmi travay
  • Resi dokiman yo prezante bay imigrasyon
  • Batistè manm fanmi imedya: madanm, mari, pitit yo…
  • Dokiman de pwosesis ki annatant nan imigrasyon
  • Kat ak telefòn representan legal ou a
  • Lis ak nimewo telefòn fanmi imedya ou
  • Lis ak nimewo telefòn moun pou kontakte nan ka ijans.

Kijan yo pwononse fraz sa yo an panyol?

Kijan yo pwononse fraz sa yo an panyol?

Kreyol Panyol Pwononsyasyon
Eske mwen ka ale? ¿Me puedo ir? Me pouedo ir?
M’ap rete an silans. Voy a guardar silencio. Voy a gouardar silensio.
Mwen vle pale ak yon avoka Quiero hablar con un abogado Kiero hablar kon oun abogado

Sou resous la

Kontni sa a posib pa avoka Mariela García Amador. Nou remesye li pou kolaborasyon li pou plis moun ka konnen dwa yo.

Plis enfòmasyon

  • Jwenn plis enfòmasyon sou pwoblèm imigrasyon isit la.
  • Jwenn plis enfòmasyon sou sa pou w fè si ICE frape pòt ou isit la.
  • Jwenn plis enfòmasyon isit la sou sa pou w fè si ICE entèvni avèk ou.
  • Jwenn plis enfòmasyon isit la sou sa pou w fè si lapolis oswa ICE fè ou kanpe sou wout la.

Si ou ap chèche reprezantasyon legal

ayudalegalpr.org pa ofri konsèy legal oswa reprezantasyon. Si w bezwen èd nan men yon avoka, konsilte anyè èd nou an pou imigran isit la.

Última revisión y actualización: Feb 26, 2025
¿Fue útil esta información?
Volver arriba